Comité de Facilitation et de Suivi du Gabion/Grand-Goâve.

Comité de Facilitation et de Suivi du Gabion/Grand-Goâve. la page est créée dans l'objectif de tenir informer les citoyens des démarches concernant le projet.

Komite Fasilitasyon ak swivi gabyon an wete chapo l byen ba pou li salye tout kominote GranGwav la, moun kap viv isit ak...
29/02/2024

Komite Fasilitasyon ak swivi gabyon an wete chapo l byen ba pou li salye tout kominote GranGwav la, moun kap viv isit ak sa ki nan dyaspora a.

Menm jan nou te anonse l deja, te gen yon Komisyon teknik ki te fòme pou travay sou redaksyon dokiman pwojè gabyon an.
Aprè anpil efò, anpil kontrent komisyon sa te rankontre, nou vle anonse gran piblik la yo rive soumèt Ofisyèlman dokiman final pwojè a.

Nou remèsye yo nan non chak sitwayen Grangwav, se yon travay nou valorize, nou kwè se youn nan pi bon fason yo te ka konfime yon lòt fwa sans angajman yo.

Komite a vle pwofite di nou se yon lòt etap ki pral genyen ladann kèk swivi tankou:
1- Rankontre ak otorite lokal yo pou soumèt dokiman an bay inite ki trete dosye jeni minisipal yo.
2- Rankont Meri a ak tout lòt gwoup ki te bay tèt yo antanke aktè prensipal nan pwojè a, nou vle site KOTESOGG ak VIMOSSHA.
3- Lanse deba pou fòmasyon komisyon yo pandan nap Rankontre tout lòt òganizasyon ki te reponn envitasyon dènye Rankont la ak sila yo tou ki pat gen chans vini. Tout manb nan entènasyonal la ki te montre volonte pou yo patisipe ap gen plas yo tou, epi sila yo ki vle konnen pwojè a plis tou.

Tout èd byenvini, sitou rekòmandasyon ak kritik pozitif yo. Nou rete motive pou nou kontinye ak pwojè a jouk nou rive nan reyalizasyon l.

ANN AJI NAN TÈT KOLE POU GRANGWAV.

19/12/2023

Onè Respè tout sitwayen Grangwav.

Nou kontan anonse tout moun komisyon teknik la rive nan bout travay pran done ak redaksyon dokiman pwojè gabyon an. Nan moman an, dokiman sila a nan revizyon epi nap tann konfimasyon tout teknisyen yo sou vèsyon final la pou fè swivi bò kote aktè prensipal yo.

Nou vle raple tout moun pwojè sila a nan enterè tout kominote a kidonk lap bezwen enplikasyon tout sitwayen nan nivo yo kapab.

Ann aji ansanm pou Grangwav.

Rankont 2 novanm 2023 a se te yon deba anime, ranpli ak enèji epi detèminasyon. Anvan nou pataje rapò Rankont lan piblik...
05/11/2023

Rankont 2 novanm 2023 a se te yon deba anime, ranpli ak enèji epi detèminasyon. Anvan nou pataje rapò Rankont lan piblikman (paske li poko fin redije), nou vle anonse popilasyon an youn nan pwopozisyon ki te fèt epi adopte, se te lide pou mete kanpe yon pati nan komisyon teknik la kanpe pou fè travay redaksyon dokiman pwojè a.
Se yon plezi pou n prezante popilasyon grangwav la non manb sa yo:

1- Harry CLINTON
2- Juvenson BELVAL
3- David FORTUNÉ
4- Similien FILISTIN
5- Jocelyn CIVRIN
6- André JOSEPH

Li enpòtan pou nou presize kèk enfòmasyon, lameri te pataje ak komite Fasilitasyon ak swivi gabyon an yon dokiman pwojè sou koze gabyon an li te redije (rekaktè Similien FILISTIN) sou demand ministè finans lan. Anplis ing Juvenson te pwopoze yon dokiman pwojè li te travay an kolaborasyon ak kèk lòt kòlèg. Enfòmasyon nan dokiman sa yo plis lòt done kap genyen pou kolekte ap sèvi kòm bousol pou gide travay yo.

Nan kad travay yo y' ap bezwen konsiltasyon anpil lòt pwofesyonèl nan kominote a pou pote lide teknik yo epi tout lòt detay k' ap pèmèt yo avanse nan pwosesis redaksyon an.

Tout moun byenvini pou nou aji ansanm pou Grangwav.

Ayè Jedi 02 novanm nan, komite Fasilitasyon ak swivi pou gabion an te rive mete chita ansanm yon latriye òganizasyon ak ...
03/11/2023

Ayè Jedi 02 novanm nan, komite Fasilitasyon ak swivi pou gabion an te rive mete chita ansanm yon latriye òganizasyon ak notab nan GranGwav, san konte sila yo ki nan dyaspora a ki te reponn prezan nan gran randevou sila a.
Nap genyen pou nou pataje ak kominote a kisa ki sòti kòm pwopozisyon epi kisa nou deside pou nou fè ki pral kontribiye nan rann posib reyalizasyon gwo pwojè kominotè sa a.
Yon remèsiman espesyal ak tout moun ki te patisipe nan planifikasyon rankont lan epi ki te fasilite echanj yo.

Definitivman, nou menm sitwayen Grangwav, nou deside aji ansanm pou kominote nou.

Jodia menm nan Paradis night club komite a ap mete chita ansanm yon latriye òganizasyon ak notab nan kominote a. Rankont...
02/11/2023

Jodia menm nan Paradis night club komite a ap mete chita ansanm yon latriye òganizasyon ak notab nan kominote a. Rankont sa ap fèt a 10zè nan maten.

Nan objektif pou kontinye ak pwosesis deba yo, komite a gen plezi pou li lanse dezyèm faz kalandriye travay li pandan li...
31/10/2023

Nan objektif pou kontinye ak pwosesis deba yo, komite a gen plezi pou li lanse dezyèm faz kalandriye travay li pandan li envite yon latriye notab ak òganizasyon nan kominote a tankou nan dyaspora a nan yon rankont kap fèt nan paradis night club jedi 2 novanm a 10zè nan maten.
Gen yon lyen kap disponib pou moun a distans yo ka patisipe san pwoblèm.

Ann aji ansanm pou Grangwav.
Crédit Photo: KFSG

Pou kontinye ak pwosesis dyalòg la, komite a rankontre jodi jedi 19 oktòk la ak VIMOSSHA. Se te yon rankont ki ranpli ak...
19/10/2023

Pou kontinye ak pwosesis dyalòg la, komite a rankontre jodi jedi 19 oktòk la ak VIMOSSHA. Se te yon rankont ki ranpli ak pozitivite, nou angaje n pou nou avanse ansanm, an kolaborasyon ak tout kominote a pou rive reyalize pwojè gabyon an.

Ann aji ansanm pou Grangwav.

Nou prezante popilasyon an pwopozisyon dokiman plan aksyon nou te pataje ak pati ki te angaje pou yo inisye pwojè gabyon...
18/10/2023

Nou prezante popilasyon an pwopozisyon dokiman plan aksyon nou te pataje ak pati ki te angaje pou yo inisye pwojè gabyon an, dokiman sila a ale jwenn tou anpil lòt sitwayen nan kominote a ak nan dyaspora a.
Popilasyon an lib pou li pataje avi l pou ede komite a avanse pi byen toujou nan demach yo.

Ann aji ansanm pou grangwav.

Komite fasilitasyon an te chita pale ak Lameri Gran gwav jedi 11 Oktòb 2023 a pou brase lide sou objektif AK vizyon komi...
18/10/2023

Komite fasilitasyon an te chita pale ak Lameri Gran gwav jedi 11 Oktòb 2023 a pou brase lide sou objektif AK vizyon komite a pou ankouraje dyalòg nan mitan kominote a pou pèmèt nou tanmen konbit pou n aji Ansanm sou malè pandye ki sou tèt vil Gran gwav.

Bonswa tout sitwayen Grangwav,Se tout yon plezi pou nou travay an kolaborasyon ak tout gwoup/kouch ki anndan kominote a ...
18/10/2023

Bonswa tout sitwayen Grangwav,

Se tout yon plezi pou nou travay an kolaborasyon ak tout gwoup/kouch ki anndan kominote a pou nou ka rive reyalize ansanm pwojè gabyon an.
Nap ankouraje libète lapawòl, respè ak tolerans.

Menm jan Staff la te anonse l nan live ki te fèt vandredi 13 oktòb la, nou kreye yon espas piblik pou tout moun ka patisipe nan pwosesis dyalòg la, espas sa ep ede nou rete konekte ak popilasyon an pandan n' ap enfòme yo sou tout demach k'ap fèt yo.

Komite sila a kreye nan de objektif :
1- fasilite ak ankouraje deba sou dosye gabyon an ant divès gwoup ki te pwopoze tèt yo pou aji sou pwoblèm nan pandan nap pwone yon demach ki rasanble tout kominote a.
2- Fè swivi yo. Sa enplike jwenn yon antant poun avanse ansanm epi pwopoze yon plan ki pou gide aksyon nou yo.

Ann aji ansanm pou Grangwav.

Adresse

Grand Goâve

Téléphone

+50933372177

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Comité de Facilitation et de Suivi du Gabion/Grand-Goâve. publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Comité de Facilitation et de Suivi du Gabion/Grand-Goâve.:

Partager