17/10/2023
3 L🔥(Lavi🤗 Lanmou😍Lanmò😭)
Se yon FEYTON ki ekri pa PHADEL⚡ Ladanl wap konn plis sou LAVI,LANMOU e LANMÒ......... Ladanl wap fini pa wè bon kote mal yo e wap aprann anpil...
Tèl & Whatsap:+509 3234-6661
Facebook: Phadel
Instagram: Phadel_77
YouTube: Phadel Og
Twitter: Phadel
Al abonné⚡
EPIZÒD 39
🔥MEN YON TI REZIME DE EPIZÒD 38 LA🔥........Ti Poze ak Phadel te arive fas a fas e sa pat pase très byen antre mesye yo, Phadel te sezii aprann ke se Phade ki tuye Klark, Ti Dezòd te oblije al fè Dona yon deklarasyon lanmou lakay li, pandan kèk secondes Dona te laisser li ale par santiman Ti Dezòd fèl santi a men sa pat pran anpil tan poul te resezil, Thamie te kontan resevwa kèk konsèy nan men papal osijè de lanmou li gen pou Ti Poze a, Pandan Ti Dezòd ap di Ti Poze kòman jounen bèl pou li, li sezii aprann ke se nan menm jou sa li pèdi yon moun ke li te renmen anpil, yon zanmi, yon frè ki rele Klark.....🔥
👉🏾Lè Ti Dezòd tande Ti Poze di yo tire Klark talè a, li sezii😨😳😳 li di...
TI DEZÒD: Kisaaa😨😳.... Koman yo tire Klark la Ti Poze, ki fòm tenten wap di laa?
TI POZE: Talè a m tande ti bwat téléphone ou an sonne, lèm pran apèl la, mennaj Klark la dim yo tire Klark.
👉🏾Ti Dezòd paka konprann kisa Ti Poze ap dil konsa, li di...
TI DEZÒD: Mennaj Klark😳🤔
TI POZE: Wi, yon certain de Jine🤔... lèl dim sa mpat kwè donk mwen te oblije al pale avèk li fas a fas lakay li... E li eksplike tout bagaay
👉🏾Ti Poze poko menm fin pale, Ti Dezòd dil..
TI DEZÒD: Mennenm lakay li😳 manvi pale avèk li...
👉🏾Ti Poze ki pa vle pou Ti Dezòd retwouvel fas a fas ak Phadel akoz de sal te tande a, li di Ti Dezòd...
TI POZE: Li ka pala, li te dim li pral pase kèk jou lakay yon fanmi l.
TI DEZÒD: Mpa mande w èske li ka lakay li non, si ou santiw paka deplase kotew chita a, just endikem ki kote kay la ye... Paske avèk ou san ou mprale🙋🏾♂️
👉🏾Ti Poze ki konnen Ti Dezòd se moun ki pou al tounen moun fou nan lari nan plede mande moun si yo rekonèt Jine... epi li santi si li avèk Ti Dezòd yap plis en sécurité, li deside ale avèk Ti Dezòd🚶🏾♂️🚶🏾♂️
👉🏾Pandan yo nan wout la pral lakay Jine, Ti Dezòd ki pa vle kwè bagay sa di di Ti Poze...
TI DEZÒD: Nap pase lakay Klark avan... Konsa li va eksplike nou blag move gou sa🙁
👉🏾Ti Poze ki gentan konprann ke se vle Ti Dezòd pa vle aksepte sa, li pa dil anyen... Yo just kontinye ap mache👬
👉🏾Lè Daphnie rive lakay li, li jwenn Phedoo te chita ap tann li retounen... Pandanl rive Phedoo dil en souriante😊
PHEDOO: Ou byen rive, paskem te byen anvi pale yon bagay avè w.
DAPHNIE: Sevre, ebyen ann pale non.
PHEDOO: Mwen rekonèt ti patnèw sot wè avèk li a wi, anfèt se ak li mte renmen an...
DAPHNIE: E poukisa w pat janm prezante m li?
👉🏾Phedoo wè Daphnie pa etone lè li tande sa, rapid li tou konprann ke Daphnie te gentann konn tout bagay osijè de li ak Ti Dezòd... Rapid li di Daphnie
PHEDOO: Li potko janm vle pran sa oserye, mpat vle presipite les choses esim pat diw sa depi lèm te wè photol pwofil li a sou telefòn ou an, se paske mpat vle pouw te blese plis... Poutèt yon zanmi w gade kòman sa fèw mal, e lèw te vin aprann kel blesem tou, kòmanw tap aji?
👉🏾Rapid Daphnie kouri di byen fò...
DAPHNIE: Se pat janm pou yon zanmi vre Phedoo, se te pou ou mwen te vle fè tout ça😟
👉🏾Rapid Phedoo etone😳 paske li pat janm panse ke Daphnie te okouran pou li menm ak Ti Dezòd.... Li di Daphnie
PHEDOO: Pou mwen...?🤔
DAPHNIE: Wi pou ou, sim te rayi Ti Dezòd ak tout fòs mwen, se paske mwen te fini pa aprann ke li fè sèl grenn soeur mwen genyen an kriye.😟
👉🏾Pou Phedoo ka pi klè, Daphnie dil...
DAPHNIE: Apre mte fin wèw tap kriye a, mwen tal nan telefòn ou, e mte wè diskisyon WhatsApp ou menm avèk li a... Sa te kite yon gwo doulè nan mwen.
PHEDOO: Epi ou pat janm dim sa... Poukisa?
DAPHNIE: Pou menm rezon ki fèw pat dim tout istwa a🤷🏾♀️
PHEDOO: Talè a ou di kew te rayi l... Ou pa rayil ankò?
DAPHNIE: M rayil pou sal fè w la... men mwen deside mete fen ak vanjans lan, paske mwen santim vle pèdi kontwòl tout bagay.
PHEDOO: Aimer, c'est perdre le contrôle💯🔥
DAPHNIE: Oui Phedoo, mwen fini pa renmen l... Se sa w te bezwen m diw pa vre?🤷🏾♀️
PHEDOO: Non, mwen pat anvi tande sa... Paske mwen te gentan atann mwen ak yon bagay konsa...🙋🏾♀️ Sim diw sa se paske mwen vle w pa janm bliye leson situation an aprann ou jodi a, ki se... Blese yon moun ki fè w mal pap gueri doulè w💯🔥
👉🏾Dona ap plede panse bo li menm ak Ti Dezòd sot echanje a🤔🤔 e sa vrèman toumante lespri l... Pandan lap panse, bon zanmil lan kise Keysha vin kote l, li di...
DONA: Ki mirak mwen wèw bonè konsa madanm?
KEYSHA: Mwen tal kote yon moun dèyè a, mwen tou pase isit la... Paske mpa pral fè anyen ki serye lakay la
DONA: Se sa map di, m konnen w patap janm deplase soti lakay ou pouw vin isi a san se pa yon bagay ou bezwen...😊
👉🏾Keysha gade li wè se 2 chèz ki sou galri a, tousuit li di Dona
KEYSHA: Epa w gen 2 chèz deyò, te gen yon moun ki te vin wè w?
DONA: Ou pap kite fèzè ou menm...😊 Ti Dezòd kite la wii.
KEYSHA: Nou retwouve nou à 2 en tout intimité... Mpa bezwen wè kantite Dezòd nou fè😀😀
DONA: Se vre mwen twouve Ti Dezòd vrèman enteresan, men mwen stil toujou renmen Klark... Yon pati nan mwen pako vle aksepte ke istwa mwen avèl la fini, mwen te renmenl twòp Keysha🤔 se tankou mwen santi li endispansab nan lavi m😟
👉🏾Dona vire tèt li lòtbò epi li retounen di Keysha tou tris...😟
DONA: Lap byen viv LAVI l epi sa ap fann coeurm💗 lefèt kem pèdi l🥺
KEYSHA: Pa gen okenn moun ki endispansab nan lavi a, ou ka avanse malgre tout etap ak desepsyon ou ta rive jwenn sou wout ou🙋🏾♀️...... lespwa pa chita sou moun men pito sou ti bout souf lavi a, sou volonte w genyen pou w leve chak lèw tonbe💯 ak kouraj ke w genyen pou w toujou prè pou rekòmanse🔥 E lè w viv ak bon etansyon ou pa pèdi moun, se moun ki pèdi w💯🔑
DONA: Mpa konnen si se paskem un peu perdue nan moman an, depim retwouve m fas ak Ti Dezòd, mwen pèdi tout kapasite pou m dirije tèt mwen🤔🤔
KEYSHA: Ou pa anvi konnen kisa w santi pou li vrèman ?
DONA: li ta renmen poum fè pati lavil pandan setan, mwen avèk li pa appartient ak menm monde...🤔 Li pa lwayal ni fidèl, li pran tout bagay à la légère😏 li immature, li pa janm panse ak konsekans aksyon li yo, li egoyis😏
KEYSHA: Mwen sam renmen nan li, se paske li rete vrè... Malgre li konnenw sa pap jwe en faveur li poul renmen avè w , li pa affiché yon aparans ki pa pou li, li stil montre moun li ye a.
DONA: Anplis de zanmi Klark, li pa yon bon moun... Lespril sal e depi lanmou an vrè, se panse kap vlope kò a💯
KEYSHA: Anplis de real, li gen yon bèl sans de l'humour, li konn kòman pou li fèw souri malgré se li ki koze tout tristès sa yo nan ou... Dona mwen santi w antijan pè🤔
DONA: Mpa ta renmen li fè pati vim, mpè poul pa ravaje ti rès imanite ki rete nan mwen an😟 akoz de li, mwen gen yon gwo vid nan mwen😒 li mete yon gwo fènwa anndan m.
KEYSHA: Fòk ou rekonèt tou, gras ak li, ou dekouvri kiyès Klark ye vrèman, ou te chita ap pèdi tan nan yon relasyon kite voué à l'échec... Si m te ou, mwen tap eseye bay sam santi nan cœur m lan yon chans🙋🏾♀️.... Paske si se li ki mete vid ak fènwa nan ou vre, pa gen moun ki pi mieux placé ke li pou repare tout dega li fè nan lavi w🙋🏾♀️
DONA: Avèl se diferan, malgré li pa gen anpil tan depi li rekonèt mwen, li konn kisa poul di poul touchem...🫠 Li konn kijan e p**i fason poul pase poul rive sou mwen😊 Talè a, mwen laissé m ale pandan kèk segond, pandan nap bo mwen santi yon kouran ki travèsem e ki etranj pou mwen, sa fèm pè😟
KEYSHA: Sim te ou mtap afwonte pè sa a...😊
👉🏾Lè 2 frè yo rive devan lakay Klark yo, yo wè lakou a chaje ak moun... Tousuit Ti Dezòd kouri antre🏃🏾♂️ kan li rive anndan an li jwenn anpil san atè a🩸
👉🏾Se la Ti Dezòd rannkont ke Klark mouri tout bon vre🤔 e rapid dlo kòmanse kouri nan je l😢...
👉🏾Aprè kèk segond, Li gade Ti Poze epi li dil...
TI DEZÒD: Pou nou ka konnen plis, an nale lakay tidam kite ba w nouvèl la
👉🏾Ti Poze ki pa vle pou Ti Dezòd retwouvel fas a fas ak Phadel... Li di Ti Dezòd...
TI POZE: Ale kay Jine konnya pa yon bonne ide... Prefere nou al lakay kèk fanmi Klark pito, paske yap soufri pour le moment la🤷🏾♂️
👉🏾Rapid Ti Dezòd santi ke Ti Poze ap kache l yon bagay...🤔 Li vin devan Ti Poze epi li dil
TI DEZÒD: Gen yon bagay ou pa dim, ou konnen très bien kew paka kachem anyen...
TI POZE: Non, ou twonpe... Mpa kache w anyen
👉🏾Pou Ti Poze ka pale, Ti Dezòd tonbe devine, li di...
TI DEZÒD: Sûrement sa gen rapò ak Klark...🤔 E siw pa vle dim sa, sèke li grav🤔 e sèl bagay ki ka gen rapò ak Klark e ki grav, se idantite moun ki tuye Klark la...🤔 ou konnen oubyen tidam lan konnen kimoun ew pa vlem konnen🤔 se rezon sa ki fè w pa vlem ak lakay li a, pa vre🤔
👉🏾Lè Ti Poze tande misye di sa li sezii rapid li kouri di...
TI POZE: Misye se yon kriminel li tuye Klark pou anyen li ka tuye w tou Ti Dezòd si wal eseye vanje... Just panse ak mwen e manmi😟.... Batay sa pa pou ou.
👉🏾Lè Ti Dezòd tande Ti Poze di sa, li souri😊 epi li di...
TI DEZÒD: E mwen kite panse w rekonèt mwen...😊 Si se yon lòt moun ki mennen batay sa, mpap ka dòmi leswa e Klark ap santim trayi l😢... L'honneur Klark en jeu Ti Poze.
👉🏾Li fin di sa epi li pran telefòn Jine te rele a nan men Ti Poze epi li ale...
👉🏾Ti Dezòd gade nan telefòn lan li wè yon nimewo te rele sa gen 1h de temps... Tousuit li tou konprann ke nimewo sa se pou Jine, poul ka jwenn lakay Jine li rele nimewo a epi li di...
JINE: Alo
TI DEZÒD: Jine
JINE: Wiii
👉🏾Pou Ti Dezòd ka al lakay Jine... Li fè eksprè li dil
TI DEZÒD: Talè a, avanm te al lakay mwen... mtal fè yon bezwen nan douch lakay ou a, ta sanblem bliye yon bagay e mwen pa nan wout mte pase talè a la... Mpa konn kote poum pase poum vin lakay ou non.
👉🏾Jine ki pa anvi pou Ti Dezòd tounen ankò yon fason poul pa kwaze ak Phadel ankò li di...
JINE: M gentan deplase wii, mwen pral retirel pou ou wa gentan pranl talè.
👉🏾Par simple kiryozite Ti Dezòd di Jine...
TI DEZÒD: Li la toujou ?
👉🏾Jine menm ki panse se ak moun li sot wè talè a li ap pale, rapid li di tou triste...
JINE: Wii😢...
👉🏾Tousuit Ti Dezòd rakwochte, li fè 3 minutes ap réfléchir tou kanpe🤔🤔... Aprè li retounen al di Ti Poze...
👉🏾Ti Poze rele Thamie pou li eksplike l tout bagay... Aprè Thamie dil
THAMIE: Daprè tout sa w sot dim la yo... Mpanse se moman pouw plis pa kite li sèl wii koz lap viv yon moman ki vrèman dure🤷🏾♀️ menm imajine mpaka imajine doulè lap andire la a.
TI POZE: Pwoblèm lan sèke li pa vle prezans mwen, se adrès tidam lan li bezwen...
THAMIE: E pouki w pa bali l?
TI POZE: Sim bali l lap fini pa retwouvel fas a fas ak moun ki tuye Klark la e se sûr ke si 2 nèg sa yo retwouve yo fas a fas, ap gen yonn nan yo kap mouri... Ti Dezòd se yon moun ki vrèman impulsif, e li plis ka fè patnè a yon bagay ki ka koz li fè vil nan prizon oubyen nan mawon.
THAMIE: Kèèt bagay la mele nan menw la wii🤦🏾♀️
👉🏾Après 5 secondes, Ti Poze di Thamie...
TI POZE: Bby je suis vraiment désolé de te faire vivre ça pendant ton jour de naissance...
THAMIE: Pa di sa bb, problème ou se problème mwen tou... M kontan lefèt ke se mwen kap tandew pou le moman la a.
👉🏾Tout les 2 di ansanm...
THAMIE & TI POZE: M anvi wèw...
👉🏾Yo tout les 2 a souri epi Ti Poze di Thamie kibò li ye pou Thamie ka vin jwenn li...
👉🏾 Pandan Ti Poze kanpe ap tann Thamie li wè Ti Dezòd kap retounen vin kotel, li gentan kouri di Ti Dezòd...
TI POZE: Ou pa bezwen menm vin fòse m, pa gaspiye saliv ou, mpap tande anyen...🙋🏾♂️
TI DEZÒD: Wap gen kè pou kite misye tuye yon lòt moun ankò sou konsyans ou?
👉🏾Ti Poze pa konprann poukisa Ti Dezòd di sa, Ouvre 2 menl bali🤷🏾♂️... Yon fason poul eksplike sal di a
TI DEZÒD: Mwen sot bay Jine yon apèl la, li dim li andanje poum vin edel pandan lap kriye... Sûrement patnè a vle tuyel tou yon fason poul pa kite pyès tras oubyen pyès témoin !
TI POZE: Se senp wii, map just voye lapolis nan adrès la🤷🏾♂️
👉🏾Lè Ti Dezòd tande Ti Poze di sa, li di Ti Poze ak yon raj😡😡
TI DEZÒD: Non Ti Poze😡😡 si tout bon misye tuye Klark😡😡 si tout bon li tuye sèl bon grenn zanmim lan😠😡.... mwen merite gadel nan je, pou dil kòman li mechan😭 poum mandel poukisa...?😢
👉🏾Rapid Ti Poze bali adrès la, eli pete kouri nan direksyon lakay Jine...🏃🏾♂️🏃🏾♂️
👉🏾Pandan Jine ap pale ak Phadel, Phadel dil...
PHADEL: E konnya mwen vle w dim kòman nou pral fè pou nou vire tête Thamie... Paske jan ou wèm kòmanse a, mprè poum fè nenpòt bagay la pou lanmou sam gen pou li a, mprè poum voye tout fanmiw menm anba tè siw refize...🤷🏾♂️
👉🏾Li poko menm fin pale, li santi yon bagay ki poze pa dèyè tèt li... epi li tande vwa yon gason ki dil byen serye...
👤Depi w bouje mwen eksploze tèt ou la a...
👉🏾Jine mete men nan bouch, tèlman li sezii.... Je Phadel sotiii, epi lap tranble😳😳
ASUIV...