Akajou Promo

Akajou Promo Akajou Promo est une entreprise spécialisée dans la promotion et l'éducation socioculturelle en Haïti.

Animations de cérémonie de graduation, de mariage, de baptême, de communion et d'anniversaire.

23/05/2026

Ahhhhh se Konsa

22/05/2026

Les arbitres à l'échauffement🔵🔴

21/05/2026

Salutation! ⚽️
🔵🔴

NÒT REMÈSIMANNan yon anbyans san parèy, anba bonèt drapo nou (BLE AK WOUJ), Akajou Promo ansanm ak Lig Foutbòl Pòdepè a ...
21/05/2026

NÒT REMÈSIMAN

Nan yon anbyans san parèy, anba bonèt drapo nou (BLE AK WOUJ), Akajou Promo ansanm ak Lig Foutbòl Pòdepè a (LFP) rive fè final 2e edisyon KOUP DRAPO a yè ki te 19 me 2026 la kote ECLAIR FC chanpyon sou FC LA POINTE nan seyans tiwobi.

Soti 22 mas pou rive 19 me 2026 se 35 jou balon fè ap woule nan yon anbyans kè kontan, solidarite, respè yonn pou lòt san OKENN ENSIDAN. Nou santi nou fyè epi kontan pou gwo bout tonton reyalizasyon sa.

Aktivite sa pa t ap rive posib san patisipasyon epi kolaborasyon yon seri aktè kle k ap fè yon gwo travay nan depatman an. Nan sans sa, nou vle remèsye: Tout manm AKAJOU PROMO, manm LFP sitou PREZIDAN ROCK JUVENS CLAVEL, TOUT EKIP YO, FANATIK YO, LAPOLIS, FEDERASYON ABIT YO (CAP ak ADAP), KOMISÈ YO, TOUT OTORITE KI TE PASE N VIZIT, MANM LAPRÈS, MEDIA TOUT KOTE, ANIMATÈ YO (Master Rock ak Stedy Boy), ESTAF SEKIRITE DEVAN BARYÈ A, FOTOGRAF YO, MAJORÈT YO, MACHANN YO, EKIP LOJISTIK LA sitou KONPAYAJ ak tout lòt moun nou pa rive site. NON NOU RETE GRAVE NAN KÈ NOU.

Nou pwofite voye yon gwo ESKIZ bay tout moun ki te vini sipòte atis yo sitou fanatik DOUS LA ak WATSON G. Pandan DOUS LA ap jwe, malerezman lapli te kòmanse tonbe. Sa ki te lakòz aktivite a kanpe. Lè WATSON G rive sou teren an, te gen anpil labou, dlo epi son an te mouye sa fè li pa t ka pèfòme.

Atis la ak estaf la te gen volonte pou n satisfè popilasyon an yè mèkredi 20 me a men yo te toujou anonse lapli, teren an te enpratik epi pwoblèm son an te toujou rete yon gwo preyokipasyon. Nou koube n byen ba devan ou pou sa paske ou te fè sakrifis pou vin jwi yon bèl moman. MEN EKIP LA PRAN NÒT, SAKRIFIS SA W AP GEN POU REKONPANSE L.

AKAJOU PWOMO rete atache ak misyon l pou pote aktivite sosyal ak kiltirèl pou kontribye nan pwogrè depatman an. Nan sans sa, nou mande ou rete konekte ak paj nou yo pou pwochen anons yo...

Mèsi! Mèsi! Mèsi anpil tout moun.

EKIP AKAJOU PROMO A!

Final ki bèl🔥🔥🔥Eclair FC chanpyon sou La Pointe FC
20/05/2026

Final ki bèl🔥🔥🔥
Eclair FC chanpyon sou La Pointe FC




Final  Moun yo te vrèman bèl.Drapo a te byen reprezante 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
20/05/2026

Final

Moun yo te vrèman bèl.
Drapo a te byen reprezante 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹



19/05/2026

FINAL KOUP DRAPO “ECLAIR FC VS LA POUNTE FC”
POWERED BY MVP MEDIA GROUP"

19/05/2026

Truck sound AKAJOU PROMO a pral monte La Pointe laa. Siw nan zone gris gris, carénage, Baudin jis tann nou sou wout la pou w achte kat ou pou final la🔥🔥

Teren an te bèl hier Moun yo te fre anpil anpil.Kiyes ou rekonet nan moun sa yo🔥🔥🔥🔥
18/05/2026

Teren an te bèl hier
Moun yo te fre anpil anpil.
Kiyes ou rekonet nan moun sa yo🔥🔥🔥🔥



Demi final retou Eclair FC vs Jean Rabel FC.Pou fanatik yo, match saa se youn nan pi gwo match konpetisyon an. Eskew dak...
18/05/2026

Demi final retou Eclair FC vs Jean Rabel FC.

Pou fanatik yo, match saa se youn nan pi gwo match konpetisyon an. Eskew dakò?



Adresse

Ti Port-de-Paix

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Akajou Promo publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager