01/09/2025
Mwen rele Samalie sa se istwa m .
Aprè m te fin kite ak Ricardo m pat gen okenn entansyon antre nan lòt relasyon amourez ankò, koz pou mwen tout se te fake, se sèlman yon pakèt egoyis , profitè ak blofè tout ap defann pròp enterè yo.
Mwen m te toujou vle defann lanmou se byen domaj ti pati sa Sanble pa egziste nan bren an .
Epi se moman m te deside focus sou lavi m , aktivite m ak pil problèm pèsonèl mwen. Dayè se moman m t ap konfronte kèk move moman nan vi m tankou solitid , kè brize ak problèm ekonomik elatriye le pire c'est que m t ap viv andeyò peyi m an absans paran m yo . Men gras a Dye lavi te rive fèm kado 3 bon zanmi kise Talie , Alaya plis Steev kise mennaj Talie , mwen te kontre yo nan inivèsite an depi sou premye ane jiska jodi an nan 4èm ane moun sa yo te devni fanmi m , yo men m oze fèm demenaje vin jwenn yo nan zòn yo pou m teka plis an sekirite ak yo , epi pou n fè tout sa n ap fè ansanm tankou biznis , travay sou projè nou ak inivèsite an .breff
Depi kòmansman tout sa n t ap fè , tout kote nou ye se te toujou ansanm , youn gen kontwòl lòt .
yo te toujou ap di m pou m gen mennaj koz m fè tròp tan selibatè ke m ap fin wouye, yo toujou ap fè blag ak sa . Yon jou pandan nou pral nan inivèsite an yon konvèsasyon pati nan machin nan konsa .
Talie 🙎♀️: kòmsi Samalie ou poko janm gen mennaj sa toujou oubyen se prezante ou pap prezante nou li .Alaya 👩reponn : w ap swiv se men m kesyon an m ta pral poze tou .
Epi mwen 👱🏽♀️ reponn : aah mèdam pou valè sa m gen sou kont mwen la se mennaj nou vle m genyen nou serye , tèlman gen yon bagay serye nan mennaj ?
Talie 🙎♀️: loll men wi genyen , des bagay ki ka fèw men m bliye siw tap viv sou tè sa , kite mwen ak Steev esplike w (mennaj li alò) 🙄
Steev🙎♂️ gentan kouri reponn : pa mete m nan afè nou mèdam Tanpri .
Mwen👱🏽♀️ reponn :w ap pale ban mwen wi frè m petèt Talie a raison ou pajanm konnen, petèt se nan erè mwen ye ki chwazi fè tout tan sa poukont mwen san mennaj , men m yon ti bo m bliye le goût de ça 🥲, kontinye esplike m Talie cheri
Epi mwen tou di Alaya aprè pou l pale nou mennaj pal , koz li toujou an soudin pèsòn pajanm konn moun li.
Talie 🙎♀️: wii banm diw non , avoir un bon mennaj pou w fè des très bon ti bagay lit lit sa ede w rete an sante, li fèw bèl, li baw de bon humeur elatriye . E anplis sèlman imajine w *en un lugar perfecto con la persona perfecta*😌 epi pou nou chak ap admire mèvèy Bondye pandan nou youn ap vwayaje , vizite chak ti kwen nan paradi lòt imajine le reste , epi sepa sèl mwen ki genyen la ke Alaya ak Steev bay rès detay yo .
Epi Steev 🙎♂️ reponn : sa vle di Samalie sonw ti zanj, Sama ou vle dim ou pat getan vizite kanaran ?
Mwen 👱🏽♀️: loll 😂 non frè m sab la te cho anba pye m mpat gentan rive m te retounen .
Nou tout pete yon sèl kou ri , antouka blag yo ede nou chase anpe strès .
Epi m pran di yo ke sepa a koz relasyon anteryè mwen ki koz m chwazi ret selibatè toujou , dayè m geri byen lontan.
m jis pa bzwen yon mennaj sèlman pou pase dezi seksyèl mwen , dayè sèks se bagay ki pi pa ra denyè tan sa
ou ka kontre nenpòt moun nenpòt moman pou pase anvi w seksyèlman , men gen yon moun ki la ak ou tout bon fizikman kou emosyonèlman, kwè nan ou ak renmen w san kondisyon li pi fasil pou w jwenn lò atè kew jwenn vrè lanmou , kounye an li plis fasil pou jwenn yon egois , profitè, matyo elatriye k ap vin kase zèl ou enpoze w vole al chèche byennèt ou , mwen m pito poze m pandan m ap travay sou tèt mwen annatandan mwen jwenn moun ideal la , dayè mwen plis gen problèm lajan nan moman pito m degaje m pou m rezoud sa yo pito . pou m pa al chwazi nenpòt moun a koz nesesite , paske m pap janm dakò al depan totalman de yon imen parèy mwen.
Epi se konsa tout timoun yo dakò ak opinyon mwen an yo banm rezon .breff
Nou rive nan inivèsite an epi nou desann machin lan , epi Steev al pake .
Pandan n ap travèse nan lakou an pou n antre nan edifis lan medam yo te devan , mwen te dèyè kèlke mèt de distans ak yo
Epi se konsa yon bèl bout machin parèt mwen kanpe bal pase epi te gen yon ti blokis tou piti , machin lan fè yon ti ralanti epi chofè an fè yon ti ralanti li desann vit li m voye zye m mwen wè yon bèl mesye nwa ak yon chemiz blan ak premye bouton an detache , yon ti chèn ki gen yon ti meday kwa ak yon linèt nwa pandan m ap fè ti vòlè gade l se konsa li retire linèt lan zye m tonbe nan zye l ba w , li kite zye l nan zye m anviwon 5 segond yon sèl moman an m santi m dekontwole se tankou m te resevwa yon kout flash malfèktè andeyò, mesye an gen yon rega enpitoyab ak yon vizaj ki make (siw gade m saw pran se pa w)
An reyalite m te santi m pran menmsi m pat konn sal te ye , epi machin lan derape antre nan inivèsite an reyalite se pou premye fwa mwen wè imaj sa pa bò isit. Se tankou yon moun ki vin okonpli yon misyon .
M vrèman pagen kontwòl nanm mwen , epi m limen tlf mwen m fè ti chita pou m jwenn ekilib mwen .
Se konsa medam yo tounen rejwenn mwen yo pa vrèman konprann mwen y ap mande m sak pase m , etan done ke mèm mwen m pa konprann sak pase an , sa rete yon mistè mwen di yo anyen epim m leve nou derape .
Nou pase nan kafeterya nou manje , nou fè yon ti tan aprè nou rantre nan sal . Medam yo devan epi mwen dèyè, valiz mwen nan do m ak kèk katab sou ponyèt mwen , mwen nan tlf mwen tèt mwen bese , lè an te gentan rive sa vle di profesè kòmanse travay , pou m pase al chita nan plas mwen fòk m pase devan biwo profesè an pandan m ap fè rapid pou m antre koz m deja anreta se konsa pye m fwape mwen manke tonbe pil katab yo vide atè an , pandan m prese bese pou m ranmase yo ak enkyetid gen yon men ki gentan rive avan m ki kòmanse ede m ranmase lè m leve zye m c'est exactement le messieur 😱 epi li kite zye l fikse nan zye m
M teka fè kè tou , m tèlman sezi chat pran lang mwen epi m di men... rès pawòl la paka soti li di men quoi?
Epi m di rien , epi li banm katab yo mwen di mèsi epim al nan plas mwen.
Epi m ap aprann ke profesè nou an al an vakans mesye sa jis vin nan plas li , l ap ak nou pou 3 semèn .
Se konsa 2zè de tan kou an tou gache , se kijan m ta pral fè konsantre 🥺 ?
Se konsa ...
A swiv...
Sa w panse ki pral pase nan mitan Samalie ak mesye misterye sa 🥺 ?
Wotè: Djoone polyvalente
Abòne pou rès la
N ap jwenn rès byento depan fason mwen wè nou entèrese , pral gen koze 😍😍 pataje , pataje .